Kesyon Paran/Responsab Legal Poze Pi Souvan Konsènan COVID-19 ak Vaksen yo
This resource has been archived.
Important note: This content is no longer current and is archived here for reference only.
It should not be downloaded and shared.
Disponibilite vaksen an
Kiyès ki dwe pran yon vaksen COVID-19?
Tout moun ki genyen 6 mwa ak pi plis nan peyi Etazini dwe pran yon vaksen kont COVID-19.
Ki kote mwen oswa timoun mwen an kapab pran vaksen an?
Vaksen kont COVID-19 yo disponib nan anpil famasi ak lakay pwofesyonèl swen sante yo.
Ou genyen twa (3) fason ou kapab jwenn vaksen yo toupre ou:
- Ale sou vaccines.gov
- Voye Kòd postal ou an antanke mesaj tèks bay 438829
- Rele nan 1- 800- 232- 0233
Verifye ansanm ak pwofesyonèl swen sante timoun ou an oswa ak lekòl li an tou. Genyen anpil lekòl k ap bay vaksen yo pou rann li pi fasil pou elèv yo kapab pran vaksen an.
Èske mwen dwe bay konsantman mwen avan pou timoun mwen an pran vaksen an?
Lwa sou konsantman yo varye nan eta ak teritwa yo. Pa egzanp, pifò—men pa tout—eta yo mande pou pwofesyonèl swen sante yo genyen otorizasyon yon paran oswa yon responsab legal pou yo ka bay yon timoun ki gen mwens pase 18 lane yon vaksen.
Verifye nan depatman sante eta/teritwa ou an pou w konnen konsènan egzijans konsantman paran/responsab legal lan.
Sekirite ak efikasite vaksen an
Poukisa pou timoun mwen an pran vaksen an?
COVID-19 kapab fè tout moun tonbe malad. Pa gen okenn mwayen pou fè prediksyon sou fason COVID lan kapab afekte timoun ou an.
Pami timoun ki genyen mwens pase 18 lane nan peyi Etazini ki te genyen COVID-19 lan:
- Plizyè dizèn milye te etène lopital
- Gen plizyè santèn ki te mouri
Menm si timoun ou an pa tonbe malad anpil, yon enfeksyon COVID-19 kapab toujou fè li gen pwoblèm sante alavni.
Timoun ou an kapab pwopaje viris lan tou bay yon moun ki genyen risk pou gen gwo maladi—tankou yon granparan, yon moun nan legliz, yon pwofesè nan lekòl, oswa nenpòt moun nan kominote ou an.
Vaksen yo efikas anpil pou evite gwo maladi, ospitalizasyon, ak lanmò COVID-19 lan lakòz.
Kijan nou fè konnen ke vaksen yo san danje pou timoun yo?
Vaksen kont COVID-19 pou timoun yo te pase gwo tès epi FDA ak CDC te egzamine yo anpwofondè.
Plizyè milye timoun te patisipe nan esè klinik yo. Pami sila yo ki te pran vaksen an, yo demontre li san danje epi li efikas pou evite COVID-19 lan.
Vaksen kont COVID-19 yo se vaksen yo plis kontwole nan istwa Etazini. Epi FDA ak CDC ap kontinye kontwole sekirite vaksen kont COVID-19 yo, ni lakay timoun yo tou.
Kijan vaksen an fonksyone?
Konpozan aktif la se yon molekil ki pèmèt kò ou fabrike pandan yon ti tan yon pwoteyin (yo rele pwoteyin Spike) jeneralman yo jwenn pwoteyin sa sou sifas viris ki lakòz COVID-19 lan. Vaksen an ede kò ou rekonèt pwoteyin sa a epi kreye yon repons entèvansyon solid kont pwoteyin spike lan.
Aprè ou fin resevwa vaksen an, kò ou dekonpoze konpozan vaksen an epi elimine yo nan apeprè 36 èdtan.
Aprè ou fin resevwa vaksen an, paske sistèm iminitè ou an bati yon pwoteksyon kont pwoteyin spike lan, kò an pare pou li goumen kont viris ki lakoz COVID-19 lan.
Èske mwen menm oswa timoun mwen an ap gen myokadit oswa perikadit paske nou resevwa vaksen ARNm kont COVID-19 lan?
Myokadit ak perikadit se de (2) kalite enflamasyon nan kè ki kapab lakòz sentòm tankou doulè nan pwatrin, yon batman kè ki rapid oswa fò, epi gen souf kout.
Kalite enflamasyon kadyak sa yo aprè vaksinasyon an ra anpil.
Lè sa rive, yo rive pi souvan lakay adolesan ki se ti gason yo ak jèn granmoun yo, jeneralman nan espas plizyè jou aprè ou fin pran vaksen ARNm kont COVID-19 lan.
Jeneralman pasyan yo retabli byen rapid epi kò yo reponn byen ak medikaman ak repo.
Ou gen plis chans pou ou gen yon enflamasyon nan kè si ou pa pran vaksen an epi vin gen COVID-19. Epi enflamasyon nan kè COVID-19 lan bay pi rèd pase enflamasyon nan kè moun ki te pran vaksen an.
Èske vaksen kont COVID-19 yo san danje pou moun ki vle tonbe ansent, ki ansent, oswa k ap bay tete?
Wi. Prèv k ap grandi deplizanpli konfime moun ki ansent oswa ki ansent pa twò lontan genyen plis risk pou gen gwo maladi si yo gen COVID-19 lan. Pa gen okenn prèv ki montre vaksen kont COVID-19 lan bay konplikasyon pandan gwosès.
Epi, pa genyen okenn prèv ki montre okenn vaksen, tankou vaksen kont COVID-19 yo, lakòz pwoblèm fè pitit lakay fanm oswa lakay gason.
CDC rekòmande vaksen kont COVID-19 lan dèke sa posib pou tout moun ki ansent yo, ki vle tonbe ansent, oswa k ap bay tete yo.
COVID-19 lan kapab yon maladi ki reprezante yon danje pandan moman gwosès lan epi li ka ogmante risk gwo maladi lakay fanm ansent ak nesans prematire pou tibebe. Li ka ogmante risk pou gen lòt pwoblèm pandan moman gwosès lan.
Lè ou pran yon vaksen kont COVID-19 sa ka pwoteje ou kont gwo maladi COVID-19 lan lakòz epi ede ou kenbe tibebe ou a an sekirite.
Èske yon moun ka pran yon vaksen kont COVID-19 pandan li genyen règ li?
Selon CDC ak Komisyon Ameriken Obstetrisyen ak Jinekològ (American College of Obstetricians ak Gynecologists) pa gen okenn rezon pou yon moun ki gen règ li pa pran vaksen an. CDC ak FDA te siveye ak presizyon enfòmasyon ki gen rapò ak sekirite epi yo pa konstate okenn motif enkyetid.
Prepare ou pou w pran vaksen an
Ki kantite dòz vaksen timoun mwen an gen bezwen?
Kantite dòz vaksen timoun ou an bezwen pou rete ajou ak vaksen yo epi gen pi bon pwoteksyon kont COVID lan depann ki laj li genyen epi ki vaksen li pran.

Gason ki gen ant 12 pou rive 39 lane yo kapab benefisye yon delè ki pi long ant premye (1) ak dezyèm (2) dòz vaksen yo. Diskite ansanm ak pwofesyonèl swen sante ou an oswa moun k ap bay vaksen an.
Moun, tankou timoun, ki gen sistèm iminitè yo ki fèb gen mwens chans pou goumen ak enfeksyon yo epi yo kapab gen bezwen pran plis pase dòz ki rekòmande yo.
Ki efè segondè ki kouran nan vaksen kont COVID-19 yo?
Timoun ki te pran yon vaksen kont COVID-19 genyen menm efè segondè kouran ak yon granmoun.
Efè segondè ki kouran yo gen ladan yo:
- Doulè kote ou te pran piki ou an, li anfle oswa li tou wouj
- Fatig
- Tèt fè mal
- Doulè miskilè
- Frison
- Lafyèv
- Anvi vomi
Efè segondè sa yo nòmal epi jeneralman yo dire kèk jou aprè vaksen an.
Sa se siy ki montre vaksen an fonksyone epi kò timoun ou an ap pwoteje kont viris lan.
Si timoun mwen an deja genyen COVID lan, èske li oblije pran vaksen an?
Wi. Ou dwe fè timoun ou an pran vaksen kont COVID-19 lan menm si li te deja trape COVID-19 lan.
Lè yon moun te trape COVID-19 lan deja, sa pa vle di li pwoteje pou li pa pran maladi a ankò.
An reyalite, yon etid resan montre moun ki pa pran vaksen yo gen defwa plis chans pou yo pran COVID-19 lan ankò pase sila ki te gen COVID-19 lan epi ki te pran vaksen an.
Kijan mwen kapab prepare timoun mwen an pou li pran vaksen kont COVID-19 lan?
Pran piki sa kapab fè timoun yo pè. Men kèk konsèy pou mete timoun ou an alèz avan, pandan, ak aprè li fin pran piki li an.
Anvan:
- Pale ak li onètman a kisa pou li atann li:
- Sa ka rive gen yon ti doulè oswa pike nan moman piki an ap rantre, men l ap dire yon ti moman sèlman.
- Si ou rale gwo souf, ou kapab chase ti doulè a avan menm ou ka konte rive sou senk (5).
- Nou tout gen bezwen pran vaksen pou nou rete an sante kont jèm ki ka rann nou malad.
- PA bay timoun ou an medikaman kont doulè avan li pran vaksen an.
Pandan:
- Rekonfòte—pa rele sou—timoun ou an si l ap kriye epi evite itilize piki yo pou bay presyon.
- Kite timoun ou an pote yon jwèt li renmen oswa yon kouvèti pou li anbrase pandan l ap pran piki an.
- Ou kapab distrè li ak yon jwèt, videyo, oswa pale ak li.
- Mande moun k ap bay vaksen an si li genyen yon krèm oswa vaporizatè ki la pou angoudi pou li aplike avan li bay piki an.
- Itilize bon pozisyon, tankou kenbe timoun ou an sou jenou ou. Evite mete timoun ou an kouche plat. Epi pa janm kwense timoun ou an pou pwosedi medikal yo.
Apre:
- Anbrase epi bat yon gwo bravo pou timoun ou an.
- Di li kò li deja ap kreye defansè kont jèm yon fason pou kenbe li an sekirite ak an sante.
- Yon rekonpans tankou sirèt oswa otokolan kapab yon sous motivasyon.
- Pou ede diminye doulè ak anflamasyon, ou kapab mete yon konprès dlo frèt sou bra kote timoun ou an pran piki an.
- Mande pwofesyonèl swen sante timoun ou an si pa gen pwoblèm pou li pran medikaman kont doulè li konn abitye pran si li gen efè segondè, tankou tèt fè mal oswa lafyèv. Majorite efè segondè yo ale fè wout yo pou kò yo nan kèk jou.
- Enskri timoun ou an nan v-safe, yon zouti gratis ak konfidansyèl pou telefòn entèlijan ke ou kapab itilize pou rapòte tout efè segondè timoun ou an kapab genyen aprè li fin pran yon vaksen kont COVID-19.
Dènye fwa yo te fè koreksyon nan kontni an: 12 jiyè 2022