These materials may be updated to align with the latest CDC guidance about COVID-19 vaccines. Learn about the new guidance.

Enfòmasyon Konsènan COVID-19 ak Vaksen yo

To print this document, use your internet browser’s print settings to set page margins and remove the header and footer. For the best printing experience, use the Google Chrome, Firefox, or Microsoft Edge browser.

COVID-19 

Kisa COVID-19 la ye epi pou kisa vaksinasyon an enpòtan konsa? 

COVID-19 se yon maladi enfektye kowonaviris SARS-CoV-2 bay. 

Pa gen okenn fason pou konnen kòman COVID-19 ka afekte w. Pifò moun gen yon ka ki pa twò grav, men li ka lakòz maladi grav ak lanmò. 

COVID-19 te touye plis pase 1,120,000 moun Ozetazini, sa ki fè li se yon kòz prensipal ki mennen lanmò. 

Gen kèk moun ki devlope COVID pwolonje, kote yo gen sentòm ki dire pou plizyè semèn oswa mwa. Lè w pran yon vaksen kont COVID-19, sa diminye ris pou w : 

  • Vin malad grav, bezwen pou entène lopital, oswa mouri akòz COVID-19. 
  • Simaye maladi a bay lòt moun, mete sante yo ak lavi yo an danje. 

Plis COVID la gaye, plis li ka fè mitasyon, oswa chanje, kreye varyan. Varyan ki kontajye anpil yo lakòz prèske tout enfeksyon COVID-19 yo nan peyi Etazini pandan pifò pandemi an. 

Vaksinen plis moun nou kapab se pi bon fason pou diminye: 

  • Pwopagasyon COVID 
  • Posiblite pou devlope lòt varyan ki ka pi danjere. 

Kijan pou mwen pwoteje tèt mwen ak lòt moun kont COVID-19 jiskaske mwen pran vaksen an? 

Si w poko pran vaksen an, ou dwe fè sa ki annapre yo pou pwoteje tèt ou ak lòt moun: 

  • Mete yon mas lè w nan espas piblik. 
  • Kenbe omwen 6 pye distans ak moun ki pa abite avèk ou epi ki ka pa pran vaksen an. 
  • Evite foul moun. 
  • Evite kote ki pa gen bon jan van k ap antre ak soti 
  • Lave men ou souvan ak savon ak dlo pandan omwen 20 segonn, oubyen itilize dezenfektan pou lave men ki gen omwen 60% alkòl si w pa gen savon ak dlo. 

Fason pou Pran Vaksen 

Ki moun ki ka pran Vaksen kont COVID-19 epi ki kote mwen ka pran vaksen an? 

Tout moun ki gen 5 lane oswa plis Ozetazini ka pran yon Vaksen kont COVID-19. 

ShapeVaksen yo gratis pou tout moun—sitwayen ak moun ki pa sitwayen, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon w. 

Ou pa bezwen asirans sante. Epi anpil founisè vaksen pa mande okenn fòm idantite. 

Vaksen yo disponib nan famasi, kabinè medikal, sant sante kominotè, ak anpil lòt kote. Pifò moun ap viv nan yon distans 5 mil ak yon sit vaksinasyon. 

Ou gen 3 fason pou w chèche kote yo bay vaksen tou pre kote w rete a: 

Kijan yo bay Vaksen kont COVID-19 yo? 

Yo bay Vaksen kont COVID-19 ki disponib yo ak piki nan pati anlè bra ou. 

Pwosesis la rapid epi pratikman san doulè, paske zegwi a trè mens epi dòz la piti. 

Page Break

Ki vaksen mwen ka pran epi konbyen dòz mwen bezwen? 

Men vaksen COVID-19 ki disponib ak dòz yo rekòmande yo

  Pfizer-BioNTech Moderna Johnson & Johnson's Janssen
Si ou gen laj. . .  5 lane oswa plis  18 lane oswa plis  18 lane oswa plis 
Ou bezwen...  2 premye dòz yo, nan yon entèval 21 jou  2 premye dòz yo, nan yon entèval 28 jou  Yon sèl dòz 
Apre ou dwe pran yon vaksen rapèl (yon dòz anplis ki pou ede w kenbe pwoteksyon an). . .  5 mwa apre 2yèm dòz ou a (li disponib sèlman pou moun ki gen 12 lane oswa plis)  5 mwa apre 2yèm dòz ou a  2 mwa apre grenn dòz ou a 

Si w gen 18 lane oswa plis, ou ka chwazi ki vaksen COVID-19 pou w pran kòm vaksen rapèl. Sepandan, CDC prefere ke moun yo pran yon vaksen mRNA (Pfizer BioNTech ak Moderna) pou premye vaksen ou ak vaksen rapèl ou. 

Pou plis enfòmasyon sou rapèl yo, tcheke resous pou rapèl nou an oswa pale ak yon pwofesyonèl swen sante. 

Moun ki gen sistèm iminitè ki fèb yo mwens kapab pou konbat enfeksyon epi yo ka bezwen plis pase dòz sa yo rekòmande yo. 

Ki vaksen COVID-19 ki disponib? 

  • Moun ki gen laj 5 pou rive 17 lane yo ka pran yon vaksen COVID-19 Pfizer-BioNTech. 
  • Moun ki gen 18 lane oswa plis yo ka pran nenpòt nan vaksen COVID-19 ki disponib nan peyi Etazini yo. 

Si w gen 18 lane oswa plis, ou ka chwazi ki vaksen COVID-19 pou w pran; CDC te bay yon preferans pou moun yo pran yon vaksen mRNA (Pfizer BioNTech ak Moderna). 

Sekirite vaksen 

Èske vaksen kont COVID-19 yo san danje? 

Wi. Vaksen kont COVID-19 ki disponib Ozetazini yo respekte nòm sekirite ki trè elve FDA ak CDC yo. 

Plizyè santèn milyon moun Ozetazini te pran vaksen kont COVID-19 san danje anba siveyans sekirite ki pi wo nan istwa Etazini. 

Efè segondè grav ak reyaksyon alèjik yo trè ra, yo rive lakay sèlman yon ti kantite moun. 

Pa gen okenn prèv ki montre vaksen kont COVID-19 yo ap lakòz pwoblèm sante alontèm, tankou pa ka fè pitit oswa kansè. 

Tout varyan COVID-19 yo reprezante pi gwo menas pou ou pase tout risk efè segondè vaksen an genyen. 

COVID-19 ka kite w ak domaj nan kè ak nan poumon ak lòt pwoblèm ki mande tretman alontèm. 

Vaksen yo se chemen ki pi an sekirite pou w iminize kont maladi a li menm. 

Si w fè alèji ak nenpòt engredyan nan vaksen yo, pwofesyonèl swen sante w la ka ede w deside si li san danje pou w pran youn nan vaksen yo. 

Èske Vaksen kont COVID-19 yo san danje pou timoun? 

Yo te teste vaksen kont COVID-19 yo sevèman sou plizyè milye timoun anvan FDA te otorize yo. Yo te montre yo san danje epi efikas pandan esè klinik yo. 

Timoun yo te gen menm kalite efè segondè tanporè ak granmoun yo akòz vaksen yo. Efè segondè pandan esè klinik yo anjeneral pa t twò grav epi yo te disparèt poukont yo nan kèk jou. 

Pou jwenn plis enfòmasyon sou vaksen kont COVID-19 pou timoun yo, gade Kesyon Paran/Responsab Legal yo Poze Souvan Sou COVID-19 ak Vaksen yo

Ki garanti ki anplas pou asire Vaksen kont COVID-19 yo san danje? 

Anvan FDA mete vaksen yo disponib pou piblik la: 

  • Syantifik yo dwe teste vaksen yo atravè etid medikal, yo rele esè klinik, ak plizyè milye patisipan. Etid sa yo konpare sa ki pase moun ki pran vaksen an ak moun ki pa pran vaksen an. 
  • Plis pase 100,000 volontè ki soti nan divès popilasyon te patisipe nan esè klinik pou twa (3) vaksen kont COVID-19 ki disponib yo. 
  • Syantifik FDA yo revize done ki soti nan etid medikal yo epi enspekte kote vaksen yo fèt anvan yo otorize oswa apwouve pou piblik la itilize vaksen yo. 

Menm apre vaksen yo disponib pou piblik la: 

  • Syantifik FDA ak CDC yo byen kontwole kijan yo fèt ak bay vaksen yo, pou idantifye nenpòt pwoblèm sekirite. 
  • Syantifik FDA ak CDC yo byen revize nenpòt rapò sou efè segondè oswa reyaksyon epi pataje enfòmasyon sa yo ak piblik la. 

Kijan Vaksen kont COVID-19 yo ap fè ka san danje? Yo te devlope tèlman vit. 

COVID-19 ka yon nouvo maladi, men vaksen yo pa nouvo. 

Syantifik yo te anmezi pou devlope rapidman Vaksen kont COVID-19 ki san danje epi efikas yo gras ak anpil ane eksperyans nan domèn vaksen ak pwogrè nan domèn teknoloji. 

Epitou, Enstiti Nasyonal Lasante te travay sou yon vaksen kont kowonaviris anvan pandemi an epi yo te kapab itilize eksperyans sa a pou devlope yon Vaksen kont COVID-19. 

ShapeSa ki enpòtan, pa gen moun ki te koupe kwen oswa sote nenpòt etap ki afekte sekirite vaksen an nan devlopman, tès, otorizasyon, ak apwobasyon Vaksen kont COVID-19 yo. 

Èske FDA apwouve Vaksen kont COVID-19 yo? 

FDA otorize twa (3) Vaksen kont COVID-19 pou itilizasyon dijans pandan pandemi an. Yo te otorize yo pou itilize sèlman apre syantifik yo te konkli yo respekte nòm trè elve FDA yo pou sekirite ak efikasite. 

Ajans la te apwouve konplètman Vaksen kont COVID-19 Pfizer-BioNTech la pou moun ki gen 12 lane oswa plis apre li fin byen evalye lòt done sou sekirite ak efikasite l yo epi enspekte kote ak fason yo te fè l. 

Y ap konsidere vaksen lòt konpayi yo pou apwobasyon si yo aplike epi bay FDA done yo mande yo. 

Èske piki an ap fè m malad? 

Ou pa ka pran COVID-19 nan vaksen yo paske yo pa gen viris ki lakòz maladi a. 

Bra ou ka fè w mal apre ou fin pran vaksen an. Epitou ou ka santi sentòm grip tankou lafyèv, tèt fè mal, kò fè mal, ak fatig. 

Sa yo se siy nòmal ki di sistèm iminitè w reyaji ak vaksen an. Malgre efè segondè sa yo ka fè w pa santi w byen, ou pa vrèman malad. Epitou, yo sèlman dire kèk jou pou pi plis. 

Ki efè segondè ki pi grav Vaksen kont COVID-19 la genyen? 

Efè segondè grav nenpòt vaksen lakoz, menm Vaksen kont COVID-19 la tou, yo trè ra. 

Epitou li pa fasil ditou pou vaksen yo bay pwoblèm sante alontèm, tankou kansè. 

Yon ti pwopòsyon (pa menm 0.0001%) moun ki pran vaksen yo te fè fas ak sa ki annapre yo nan lè ak jou apre vaksinasyon an avèk youn oswa plizyè vaksen: 

  • Anafilaktik—yon reyaksyon alèjik ki, si li rive, gen anpil chans pou rive nan kèk minit apre vaksinasyon an. Sit vaksinasyon yo prepare pou jere nenpòt ka anafilaktik ki ra ki rive. 
  • Myokad ak perikadit—de (2) kalite enflamasyon kè ki, si yo rive, gen anpil chans pou rive nan plizyè jou apre vaksinasyon an. 
  • Sendwòm Guillain-Barré—yon maladi oto-iminitè ra ki, si li rive, gen anpil chans pou rive nan de (2) premye semèn apre vaksinasyon an. 
  • Twonboz ak sendwòm twonbositopeni—yon maladi boul nan san ki ra anpil ki, si li rive, gen anpil chans pou rive nan de (2) premye semèn apre vaksinasyon an. 

Si nenpòt nan reyaksyon ki pa gen anpil chans pou rive sa yo ta rive, pwofesyonèl swen sante yo konnen ki jan pou yo trete yo. 

Akòz nou okouran de ka ki ra anpil sa yo, sa montre FDA a ak sistèm siveyans sekirite vaksen CDC a ap fonksyone epi detekte menm reyaksyon ki pi ra yo. 

Èske Vaksen kont COVID-19 yo san danje pou moun ki ansent, ki vle vin ansent, oswa k ap bay tibebe tete? 

Wi. Lè w pran yon Vaksen kont COVID-19, sa ka pwoteje w kont maladi grav COVID-19 la lakoz epi ede tibebe w la rete an sekirite. 

ShapeCOVID-19 kapab yon maladi danjere pandan gwosès epi ogmante risk pou akouchman prematire. Li ta ka ogmante risk pou lòt rezilta gwosès negatif. Vaksen kont COVID-19 la pa bay konplikasyon pandan gwosès

ShapeShapePa gen okenn prèv tou ki di tout vaksen, ki gen ladan Vaksen kont COVID-19 yo, lakòz pwoblèm fètilite lakay fanm ak gason. 

Epi pa gen okenn rezon pou w sispann pran vaksen an si w gen règ ou. 

CDC rekòmande vaksinasyon COVID-19 yo pi vit posib pou tout moun ki ansent, moun k ap chèche fè timoun, moun ki vle vin ansent yon jou, oswa moun k ap bay tibebe tete. 

Ki sa ki nan Vaksen kont COVID-19 yo? 

Apa de engredyan aktif la (yon molekil ki gen enstriksyon pou selil ou yo), tout twa (3) vaksen ki disponib yo gen dlo, sik ak sèl. 

Tou depan de ki vaksen ou pran, li ka genyen asid, alkòl, grès, oswa bagay ki pou konsève l tou. Tout sa yo se engredyan

Kijan Vaksen kont COVID-19 yo mache? 

Vaksen kont COVID-19 ki disponib Ozetazini yo bay selil ou yo enstriksyon pou fè yon pwoteyin tankou sa yo jwenn sou sifas kowonaviris la, yo rele l pwoteyin pik. 

Sistèm iminitè w wè pwoteyin pik la kòm yon jèm ki anvayisè epi li reyaji pou detwi selil k ap pare pou idantifye epi atake kowonaviris la si li kontamine w. Men, ou pa ekspoze ak viris reyèl la, kidonk ou pa tonbe malad. 

Yon fwa selil ou yo fè pwoteyin pik la, enstriksyon yo detwi, epi kò w debarase l de yo. Nan okenn fason vaksen yo pa chanje oswa an kontak avèk ADN ou. 

Efikasite vaksen an 

Nan ki nivo Vaksen kont COVID-19 yo efikas? 

ShapeTout Vaksen kont COVID-19 ki disponib yo trè efikas

Yo efikas anpil kont maladi grav, entène lopital, ak lanmò COVID-19 la lakoz. 

Ki moun ki ka resevwa yon rapèl Vaksen kont COVID-19 la? 

Vaksen kont COVID-19 la kontinye travay trè byen pou anpeche maladi grav, entène lopital, ak lanmò. Yon vaksen rapèl se yon dòz siplemantè ki ede w rete pwoteje. 

Tout moun ki gen 16 làne oswa plis ta dwe pran yon vaksen rapèl 

6 mwa apre 2yèm dòz vaksen Pfizer-BioNTech oswa Moderna w la. 

2 mwa apre w pran dòz inik vaksen Janssen Johnson & Johnson. 

Se sèlman Vaksen kont COVID-19 Pfizer-BioNTech la ki otorize pou moun ki gen 16 ak 17 làne. Ou ka chwazi kèlkeswa Vaksen kont COVID-19 pou pran kòm yon vaksen rapèl. Li pa oblije se menm vaksen ou te pran anvan an. 

Pou plis enfòmasyon sou vaksen rapèl yo, tcheke resous pou rapèl nou an oswa pale ak yon pwofesyonèl swen sante. 

Pou kisa mwen ta dwe pran vaksen an si mwen ka toujou enfekte ak COVID-19 la? 

Chans ou genyen pou w pran COVID-19 si w pa pran vaksen an pi wo pase si w te pran vaksen an. Ou gen plis chans tou pou w malad grav si w pa vaksinen epi trape COVID-19. 

Si w pran tout vaksen yo epi viris la antre nan kò w (enfekte w), sistèm iminitè w ap rekonèt viris la byen vit epi anpeche l fè gwo domaj. 

Se poutèt sa pifò moun ki enfekte ak COVID-19 la malgre yo te pran vaksen an pa gen okenn sentòm oswa sèlman yon maladi lejè pou rive nan modere. 

Prèske tout moun ki vin malad grav, ki bezwen entène lopital, epi mouri akòz COVID-19 yo pa vaksinen. 

Èske Vaksen kont COVID-19 yo ap anpeche mwen enfekte lòt moun? 

Vaksen kont COVID-19 yo diminye chans pou w pran epi simaye COVID-19 la. 

Men, si w enfekte ak varyan ki kontajye anpil yo, ou ka simaye viris la bay lòt moun, kit ou pran vaksen an kit ou pa pran l. 

Se poutèt sa tout moun ki nan zòn ki gen anpil oswa gwo transmisyon viris la nan kominote a dwe mete mas anndan espas piblik yo -menm moun ki pran vaksen an. 

Èske mwen bezwen pran yon Vaksen kont COVID-19 si mwen te deja gen COVID-19? 

Wi. Moun ka pran COVID-19 plis pase yon sèl fwa, byenke w pa jwenn sa souvan. Lè w pran vaksen apre w fin gen COVID-19 la, sa ranfòse iminite w pou yo ba w pi bon pwoteksyon. 

Epitou, moun ki pran vaksen an gen mwens ris pou yo simaye l bay lòt moun. Sa a trè enpòtan akòz ris ki genyen lakay moun ki pa pran vaksen kont varyan ki kontajye anpil yo. 

Kisa mwen ka fè apre mwen fin pran vaksen an? 

ShapeSi w pran tout dòz vaksen yo, ou ka fè anpil nan bagay ou te konn fè anvan pandemi an. 

Pou ede anpeche pwopagasyon varyan ki kontajye anpil yo, kontinye mete yon mas nan espas piblik nan zòn ki gen anpil oswa gwo transmisyon nan kominote a

Moun ki pran vaksen ak moun ki pa vaksinen yo dwe swiv lwa, règ, ak règleman federal, eta, lokal, tribi, ak teritoryal yo tou. Tankou prekosyon sekirite nan: 

  • Transpò piblik 
  • Ayewopò ak avyon yo 
  • Biznis lokal yo 
  • Travay