These materials may be updated to align with the latest CDC guidance about COVID-19 vaccines. Learn about the new guidance.

Modèl Imèl Konsènan Rapèl Vaksen COVID-19

This resource is available in other languages

Sijè: Bay Vaksen COVID-19 pou Pwoteksyon ou an yon Boustè 

: Chè [Mete non]: 

[Mete non òganizasyon an] angaje nan sekirite ak sante [anplwaye nou yo/tout moun nan kominote nou an/tout moun nan kominote n ap sèvi a/etc.]. 

Nou vle enfòme w tout moun ki gen 5 làne oswa plis kapab pran yon vaksen rapèl COVID-19 kounye a.  

Ou ka pran rapèl ou a 

  • 5 mwa apre 2yèm dòz vaksen Pfizer-BioNTech oswa Moderna ou a; oswa 
  • 2 mwa apre ou pran dòz inik vaksen Janssen Johnson & Johnson ou a. 

Se sèlman vaksen COVID-19 Pfizer-BioNTech la ki otorize pou moun ki gen 5 jiska 17 làne yo. 

Vaksen COVID-19 la kontinye travay trè byen pou anpeche maladi grav, entène lopital, ak lanmò. 

Ki kote w ap jwenn vaksen COVID-19 

Ou gen 3 fason pou w chèche kote yo bay vaksen tou pre kote w rete a gratis: 

  • Ale sou vaccines.gov 
  • Voye yon mesaj tèks ak kòd postal ou a nan 438829 
  • Rele 1-800-232-0233 

Sonje pou w mache ak kat Dosye Vaksinasyon CDC COVID-19 ou a lè w ale pran vaksen rapèl ou a. 

Pou w jwenn plis enfòmasyon 

Ale sou cdc.gov/coronavirus oswa pale avèk yon pwofesyonèl swen sante.  

Ak tout kè mwen, 

[Mete blòk siyati]